- Catégories: 18 ans & Plus, Phase 1
Surlin Deserson
MOI
Mwen se Surlin Deserson ,mwen se yon jèn
gason mwen gen 28 ane ,nasyonalite ayisyèn map viv nan komin opèch ki twouve’l nan depatman nòdès,mwen fè etid klasik mwen opèch,mw tèmine tèrye wouj,mwen pat gen chans avanse pi lwen,map viv kay paranm.
MA VILLE
Opèch se yon komin ki twouve’l nan depatman nòdès,la gen anpil bèl rivyè tankou maryon,epi yon lye istorik ki se Dimikalen se yonn nan eritaj zòn posede ,genyen aviwon 15 mil moun kap viv ladan’l,li fete fèt patwonal li chak 10,11,12 jyen,angwo se yon bèl ti zòn pou’w vizite opèch li sitiye sou wout nasyonal no 6,an pasan pa tèrye wouj ,gran basen,se te yon plèzi pou-m te ka fè ti pale sa de komin mwen an ki se opèch mèsi.
MON DESSIN
aDesen mwen an prezante reyalite patrimwàn komin mwen an li rele Dimikalen,se yon lye touristik ki gen rapò mistik ,se anpil moun toupatou chak jou ki vini dimikalen, ladan’l genyen yon gwòt anba kouran dlo nou wè kap koule tonbe nan basen an ,paske li gen yon rivyè ki pase akotel ,li gen plizyen basen anndan’l pou moun pwan beny chans elatriye, rivyè a,èspas la bare tou won an wôch ,li gen yon ti pon pou’w ka rantre andan’l, se yon bèl lye touristik nou envite’w pase vizitel, an gwon se tout sa desen mwen an prezante.mèsi

















