- Catégories: 18 ans & Plus, Phase 1
Revange Kendy
MOI
Mwen se Kendy Revange, mwen se yon ilistratè, pent epi mwen se yon etidyan nan Ecole Hotellière d’Haïti (EHH), mwen gen 19 lane mwen se dènye pitit yon fanmi 3 pitit.
Mesaj mwen pou piblik la se gen lespwa yon jou la jou epi toujou pataje lanmou ak kè kontan
MA VILLE
Jeremi se yon vil ki gen yon sèl rantre, yon sèl sòti ki chita kò li nan depatman Grandans peyi Dayiti kote yon bò li ap benyen nan lanmè, dayè youn nan espesyalite touristik li se lanmè ak rivyè ( Ansdiklè, Ansdazi …)
Jeremi ki konsidere kòm twazyèm vil peyi a te konsidere tou kòm Vil Powèt Yo, se pou sa nan zòn Mòn Jibile gen yon ti plas yo rele Plas Powèt yo e tou pre a wap jwenn Alyans Fransèz Jeremi. Nan koze edikasyon, gen anpil lekòl ki fè non yo men Lekòl Frè Polen ta klase pami premye yo .
Pla Rejyonal lavil Jeremi se tonmtonm ak kalalou, akonpaye ak krab oubyen vyann. La tou ou jwenn anpil piskèt e yo rekonèt Jeremi kòm vil ki pwodwi pi bon konparèt sou tout teritwa peyi a.
Nan kè vil la, genyen Katedral Sen Lwi kòm moniman istorik anfas plas Dima kote stati Ti Ameli, temwen tout malè ak kè kontan ki gaye sou vil sa depi plizyè lane.
Desann anba Lavil, se la pifò gwo biwo yo ye men dèyè yo genyen Bòdmè ak mache a; genyen Pò a kote bato yo te konn mennen moun ak machandiz yo.
Antre nan vil Jeremi se sòti ak yon nostalji nan espwa tounnen men tou, se sòti ak yon satisfaksyon pou jan vil la bèl e toujou sou aktivite. Se rezon sa ki fè toujou gen yon istwa pou rakonte, yon mèvèy ki bay lòt moun anvi vizite l.
MON DESSIN
a

















