MascAyiti

MOI

Mwen se Wilkens yon jèn kap evolye nan domèn atistik la mwen desine byen ak kreyon e mwen fè penti tou. Mwen se etidyan finisan nan mekanik otomobil nan Diesel institut e mwen swete tout jèn ki gen talan, vizyon e obejktif toujou kenbe fè malgre sitiyasyon peyi nou pa fin ba nou rezon pou sa

MA VILLE

Pòtoprens se yon vil ki bèl anpil malgre tout mank enfrastrikti ki genyen. Yon bèl aspè atistik ap reyone ladann ki senpleman ap tann nou egizel e metel an valè. E Otèl Karibe san fè piblisite se youn nan batiman ki pa sispann anbeli jounen m e nwit mwen yo koz chak maten lèm leve e aswè avan al domi se li ki sou je’m e san li mpa vil la gen sans . Non sèlman li leve figi vil la pa rapò ak kotel ye a e an tèm de repitasyon, se pou sa mwen chwazi desine l nan yon akwarèl rapid rapid poum ekspime santiman m pou li

MON DESSIN

Desen m nan ranpli pasyon e lanmou m gen pou vil mwen e li pale de tèt li plis ke tout mo m te ja anplwaye



Laisser un commentaire