MascAyiti

MOI

Mwen se Bywaki LOUIS yon sitwayen peyi dayiti ki fèt st Raphael e kap viv okap,ki gen Pou devwa travay Pou l reyisi lavi l,e an menm tan anbeli anviwònman l,travay mw fè se penti pami yo nou jwenn: desine,kaligrafye,penti batiman,se pa Pou San rezon mwen chwazi patisipe nan konkou sila.bon mesaj mwen Pou kominote ayisyèn nan,se bay peyi a yon chans Pou ede tout moun ki vle avanse,e rete positif a tout Sila ki chaje talan yo.
Mèsi

MA VILLE

Nan peyi Dayiti espesyalman Nan depatman Nò,gen yon vil ki rele St Raphael,li pa gen lanmè,li gen rivyè,sous dlo,gwòt ki fè bote li parèt,li genyen anviwon 9000 a 10000 moun kap viv ladan l,aktivite moun sa yo fè Pou viv se Jaden,komès,transpò,ak lot metye pwofesyonèl.men se Jaden an ki plis priyorite yo.

MON DESSIN

a

Desen pam Nan,se yon desen kap fèt Nan mannyè ki baze sou efè sosyal kilvatè kap viv nn zòn nan.e kap reflete yon ide kote tout moun dwe itilize resous zòn yo Pou yo viv.



Laisser un commentaire