MascAyiti

MOI

Mwen se moun pòdepè, m ap etidye Boza nan inivèsite kanpis “Henry Christophe” limonad la. Mwen se yon desinatè, dizaynè, pent. Mwen se yon manb fondatè antrepriz “Les Mains Sales” ki la pou reyalize potrè, nou travay pou tout peyi a. Mwen evolye plis ak kreyon, paske Modèl mwen se Thierry Barthole, sa vle di estil A mwen se sireyalis.

Mèsi!

MA VILLE

Vil mwen an se Pòdepè. Se yon vil ki pa vrèman rekonèt sou je leta peyi m. Se yon vil ki repoze sèlman sou djaspora, daprè mwen se yonn nan vil ki pa gen okenn valè kiltirèl. Ki pa janm twouve okenn anbyans pratik kiltirèl. Yon vil ki chaje ak istwa ansyen, poutan pou yo reprezante l yo chwazi moutre w katedral la, poutan legliz pa rezoud anyen vrèman pou yo. Se yon vil ki sitiye l nan yon depatman (nòdwès) ki chaje ak fòs mistik, tankou mwen ka site : Lavil okan nan yo. Se yon vil ki bay anpil pasaj pou baton antre, e se pa pou san rezon ki fè se nan depatman sa “Christophe Colomb te premye debake an Ayiti.

MON DESSIN

a

Desen mwen an se yon zèf sireyalis k ap genyen yon pakèt filozofi ki ap reyalite menm atis la pap ka finn dekri. Men poutan k ap esplike yon reyalite a klè douvan je chak moun. L ap genyen pou ide derasine legliz kòm senbòl fyète vil la … pou konstwi baton.
Paske baton pa selman senbolize navige pou nou, li senbolize richès, lò. Zèv sa pral rekonstwi ” Santamaria”.
Si ta genyen mize oubyen senbòl pou vil pòdepè, baton ta sipoze yonn. Senbòl baton se reprezante fòs mistik Tayino yo te genyen pou 4 eleman yo. tayino yo te renmen peche anpil e sikile sou lanmè, e nan chak baton pèch sa yo te genyen yon fòm desen nan Eskilpti ki rele : O relyèf (Haut relief)? Ladan l yo desine divinite ki dirije dlo a, e se menm fòs baton sa ki pral koule baton lò Christophe Colomb yo.
E jis konnya baton rete yon patrimwàn pou nou ke anpil podepezyen(zyèn) inyore sa. Se pa pou san rezon tou ki fè n gen pwoteksyon lanmè a e jouk konnya gen plis djaspora nan peyi a. Nou se premye bout tè ki te fè Kolon kalifye n “Perle des Antilles” pi bèl pò gewografik pou baton antre.



Laisser un commentaire