MascAyiti

MOI

1) Mwen se “Jean Louis Samuel VITAL”. Mwen fèt Petyon Vil men Mwen ap viv Kanapevè.

Mwen se yon ilistratè ki aprann epi devlope abilite fè desen poukont li depi tou piti.

Mwen renmen eksprime m sou papye ak lòt sipò gras ak abilite m nan itilizasyon men m epi materyèl ki fèt pou sa. Mwen se yo dizaynè tou. E mwen renmen aprann epi pataje sa m konnen ak lòt moun.

2) Mesaj:
Si chak moun gen yon karaktè (pèsonalite), chak vil gen yon karaktè. E si chak vil gen yon karaktè, vil sa yo gen menm karaktè ak moun k ap viv ladan li.

Donk karaktè yon vil depann de moun k ap viv ladan li. Si majorite a gen yon bon karaktè (pèsonalite), pa gen dout, vil la reflete sa; fason aktivite yo ye, fason anbyans lan ye, fason moun viv ak kijan lòt moun wè vil sa a men pi enpòtan toujou, imaj vil sa a.

Men si majorite a gen move karaktè, egzanp plizyè vil nan peyi nou gentan ban nou eksplikasyon nou bezwen tande a.

Karaktè yon vil chita kote majorite a ap viv la, donk si majorite a ap “kriye”, vil la pa ka “souri”.

Donk ann chanje karaktè nou, konsa na va chanje karaktè vil nou. Ann rann vil nou orijinal ak lapè, linite, lajwa epi lanmou. Ann fè vil nou “souri”.

MA VILLE

Kanapevè se kote Mwen ap viv.
Se yon komin ki respekte non li, se yon kanape kote koulè vèt la chita, pyebwa yo.

Se yon komin ki toujou gen lapè, lajwa, linite ak lanmou paske komin nan reflete moun k ap viv ladan li. Donk moun k ap viv ladan li, timoun kou granmoun, gen lajwa nan kè yo, lanmou ak linite.
Chak katye fè lapè youn ak lòt paske nou rekonèt ke nou se youn. Yon sèl karaktè, yon sèl pèsonaj, donk yon sèl komin.

Se pou tèt sa, nou òganize chanpyona football antre nou, nou fè fèt antre nou e nou youn respekte lòt nan lide pou fè komin nan rete ak yon bon karaktè.

MON DESSIN

Orijinalite yon bagay se sa ki diferansye l de yon lòt bagay. Nan ka yon vil, se kijan youn lòt fonksyone, diferans ki genyen ant enfrastrikti yo men tou diferans ki genyen nan imaj yo.

Si chak vil te reprezante yon pèsonaj (karaktè), chak pèsonaj t ap gen yon karaktè (pèsonalite).
Nan ka desen sa a, pèsonaj la ap souri, li kontan, paske soti nan katye rive lavil, se lanmou, se lajwa, se linite ak lapè.

Si depi nan katye yo nou pataje lanmou youn ak lòt, linite ak lajwa, pèsonaj nou an ap pi bèl.



Laisser un commentaire